Retounen Akey Enskri Kounye a
Enskripsyon championna

Gid Pratik

Kijan ou ka antre nan Championna a epi jwe premye match ou

Etap sa yo ede w evite konfizyon depi enskripsyon rive sou jou match la.

Etap 1: Enskripsyon sou sit la

  1. Konekte sou kont ou sou Kobposh.
  2. Nan seksyon Championna, klike sou jwèt ou vle a.
  3. Klike sou bouton `S'inscrire` epi valide enskripsyon an.

Apre enskripsyon, non ou antre nan lis patisipan yo sou modal Championna a.

Etap 2: Kominikasyon match yo

Kowòdonatè Championna a ap kominike ak jwè yo nan gwoup WhatsApp ofisyèl la. Se la ou jwenn:

  • Orè match yo
  • Konfimasyon advèsè ou
  • Kòd pou rantre nan chak pati

Etap 3: Kijan yon pati lanse sou sit la

  1. Resevwa kòd pati a nan kominikasyon ofisyèl la.
  2. Antre sou sit la, chwazi jwèt match la.
  3. Rantre kòd la pou antre dirèk nan pati ou.
  4. Jwe jiskaske youn nan 2 jwè yo genyen 2 pati pou pran match la.

Pri pou chak pati rete 25 HTG. Enskripsyon pa ranplase depans pati yo.

Konsèy pou nouvo jwè yo

  • Rete aktif sou WhatsApp pou pa rate lè match ou.
  • Teste koneksyon entènèt ou anvan match la.
  • Fè tout etap yo bonè, pa tann dènye minit.
  • Li règ disiplin yo pou evite diskalifikasyon.