Retounen Akey Patisipe Nan Championna
Reg championna

Reg Ofisyel

Format, disiplin ak pri Championna Kobposh

Li paj sa a avan enskripsyon pou ou konnen tout sa ki obligatwa yo.

Format konpetisyon an

  • Championna a fèt ak 8 jwè.
  • Premye faz la se kat de final (4 match).
  • Dezyèm faz la se demi final (2 match).
  • Dènye faz la se final (1 match).

Kijan yon match genyen

  • Yon match gen plizyè pati.
  • Premye jwè ki genyen 2 pati pran match la.
  • Score referans: 2-0 oswa 2-1.

Pri ak depans

  • Pri pou chak pati se 25 HTG sou sit ofisyèl la.
  • Chanpyon final la resevwa 1100 HTG.
  • Dezyèm plas la resevwa 500 HTG.

Chak jwè dwe konprann depans pa pati yo avan li kòmanse jwe.

Disiplin ak sanksyon

  • Tout match fèt anba sipèvizyon kowòdonatè ki sèvi kòm abit.
  • Jouman, menas, trich, oswa move konpòtman pa aksepte.
  • Kite jwèt la volontèman ka bay pèd match sou fotfè.
  • Repete vyolasyon ka mennen diskalifikasyon.

Pwoblèm koneksyon ak absans

  • Si yon jwè dekonekte, li dwe retounen nan delè kout òganizatè a fikse.
  • Retou anreta ka lakòz pèd pati oswa pèd match.
  • Jwè ki pa respekte orè yo ap sibi desizyon abit la.